The Roman Catholic
 Diocese of BrooklynAbout the DioceseOur BishopsOur ParishesOur MinistriesCatholic EducationCatholic CharitiesThe Tablet
HelpContactHomeVocationsDevelopmentHuman 
   
 
 Resources
Home
Policy & procedures
How to report
Code of conduct
Introduction

For priests, deacons and pastoral ministers

For volunteers

For parish employees

Statement of Acknowledgement

Para voluntarios

Declaración de Reconocimiento

Per i Volontari

Dichiarazione di Accettazione|

Pou Volontè

Deklarasyon Konesans

Dla Wolontaiuszy

Oswiadczenie

News releases
Programs


Code of conduct


Dyosèz Brooklyn
Règleman Bon Kondwit Pastoral

Pou Volontè

Pitit nou yo se kado pi enpòtan Bondye konfye nan men nou. An tan ke volontè, mwen pwomèt pou swiv strikteman règleman ak prensip nan Règleman Bon Konwit Pastoral pou Volontè sila kòm kondisyon pou mwen bay ti moun ak jèn moun Dyosèz nou, pawas yo ou ajans afilye yo sèvis.

An tan ke volontè,

MWEN PRAL trete tout moun, enkliyan klèje, relijye, paran ak lòt gran moun e ti moun ak respè, jistis, pasyans, koutwazi e diyite.
MWEN PRAL reprezante ansèyman Legliz Katolik la ak entegrite ni nan pawòl ni nan aksyon.
MWEN PRAL travay an kolaborasyon ak klèje, lòt sipèvizè e asosye nan ministè.
MWEN PRAL evite sitiyasyon kote mwen pou kont mwen ak ti moun e/ou jèn moun anvan, pandan ou aprè aktivite Legliz.
MWEN PRAL kenbe distans apropriye nan relasyon mwen ak ti moun e/ou jèn moun.
MWEN PRAL itilize ranfòsman pozitif olye de kritik, konpeti-syon ou konparezon lè m-ap travay ak ti moun e/ou jèn moun.
MWEN PRAL refize aksepte kado chè nan men ti moun e/ou jèn moun ou paran yo san aprobasyon pa ekri davans soti nan men kire-a ou administratè-a.
MWEN PRAL kenbe tèt mwen pou mwen pa bay ti moun e/ou jèn moun kado san aprobasyon davans pa ekri soti nan men paran ou gadyen legal ansanm ak kire-a ou administratè-a.
MWEN PRAL rapòte imedyatman abi mwen sispèk bay kire, administrate ou sipèvizè apropriye ansanm ak otorite apropriye jan lalwa mande.
MWEN PRAL koopere konplètman nan nenpòt envestigasyon abi ti moun e/ou jèn moun.

An tan ke volontè,

MWEN PAP gen kontak ak ti moun ou jèn moun nan E-mail eksepte pou delivre enfòmasyon sou pwogram m-ap travay ladan-l.
MWEN PAP ede ti moun ak jèn moun jwenn aksè nan pònografi ou lòt materyèl seksyèl nan konpitè ou enfliyanse eksplorasyon pònografi nan nenpòt medya.
MWEN PAP sèvi ak konpitè pawas, lekòl ou nenpòt ajans pou patisipe nan « chat room ».
MWEN PAP fè foto ti moun ou jèn moun san pèmisyon eksplisit paran ou byen gadyen legal.
MWEN PAP manyen  yon ti moun e/ou jèn moun yon manyè seksyèl ou ki pa apropriye.
MWEN PAP itilize, genyen ou byen anba enfliyans alkòl ou dròg ilegal lè m-ap fè volontè nan nenpòt aktivite dyosèz, pawas ou legliz
MWEN PAP prezante okenn danje pou sante ti moun e/ou jèn moun.
MWEN PAP frape, bat, souke ou bay ti moun e/ou nenpòt jèn moun souflèt.
MWEN PAP imilye, pase nan betiz, menase ou degrade ti moun e/ou nenpòt jèn moun.
MWEN PAP itilize okenn disiplin ki fè ti moun e/ou jèn moun pè ou byen imilye yo.
MWEN PAP sèvi ak gwo mo, langaj seksyèl ou nenpòt lòt langaj inapropriye devan ti moun e/ou jèn moun.

Chè Volontè :

Tanpri li Règleman Bon Kondwit pou Volontè pi ro-a e kenbe-l kòm referans ak nan dosye-w.

Siyen Fòm Dakò pou Règleman Bon Kondwit e remèt li bay moun ki desiye pou sa nan pawas ou(Kire, « DRE », Direktè, ets.)

Mèsi pou Proteje Pitit Bondye yo an menm tan ou proteje tèt pa-w anba fo akizasyon.

                        « Safe Environment Office, Diocese of Brooklyn »

Pou enfòmasyon rele: (718) 281-9670 ou (718) 281-9671

Revize 9/1/2007


Introduction